Youn nan etap ki pi enpòtan e ki reprezante yon pi gwo defi nan kòmanse yon biznis se jwenn lajan ki nesesè pou kòmanse epi opere biznis la. Sitou nan yon peyi tankou Ayiti, kote pwoblèm nan domèn politik ak ekonomik, fè li difisil anpil pou kòmanse oswa dirije yon biznis depi plis pase 5 lane. An reyalite, li pa t janm fasil pase sa pou yon antreprenè jwenn finansman swa labank oswa nan yon Mikwo Kredi anvan sa, men kounya li vin pi difisil toujou. Sa ki lakòz anpil ti antrepriz oblije femen pòt yo e anpil ide biznis rete sou papye sèlman. Kidonk, kisa antreprenè ayisyen yo ka fè pou yo finanse biznis yo malgre sitiyasyon an ? Nou vle pale de yon opsyon finansman ki rele ann Anglè Bootstrapping. Li ka itil ou, kit ou gen yon biznis ki deja rekonèt sou mache a, kit se jis ide biznis lan ke w genyen men w poko ka jwenn finansman .
Ki sa ki « Bootstrapping » nan ?
Ki kèk metòd « Bootstrapping » oswa teknik ou ka itilize ?
Ki jan antreprenè ayisyen yo ka benefisye de « Bootstrapping » ?
Ki sa ki Bootstrapping nan?

credit:cloudways
Dapre shopify.com, “bootstrapping”, ann angle, se yon tèm yo itilize nan biznis ki fè referans ak yon pwosesis oswa yon metòd pou itilize sèlman resous ki egziste deja, tankou ekonomi pèsonèl, ekipman enfòmatik pèsonèl, ak espas garaj, pou kòmanse ak grandi yon konpayi”. Si nou ale nan rasin mo bootstrap la, sans li bay ide ‘yon moun k ap fè bonjan efò pou l amelyore tèt li, san èd lòt moun.’ Donk, antreprenè ayisyen yo ta dwe “bootstrap”, sa vle di eseye finanse biznis yo poukont yo san èd ekstèn oswa kapital. Poutan, se pa yon bagay fasil, sitou pou yon biznis ki fèk ap derape, parapò ak sitiyasyon politik e ekonomik difisil peyi a twouve l nan moman an. Men, sanble ke opsyon finansman sa a pi fasil lontan pou anpil nan antreprenè nou renmen anpil yo ke lòt opsyon ki egziste yo.
Ki kèk metòd oswa teknik bootstrapping ki enpòtan pou antreprenè ayisyen yo ?
An jeneral ‘Bootstrapping’ gen de (2) etap :
- Premyèman, antreprenè a sèvi ak revni pèsonèl li ak ekonomi l kòm lajan pou peye tout depans demaraj biznis la. Menm jan anpil plant avan yo te grandi yo te yon grenn tou piti, se konsa tou yon biznis kòmanse nan lajan semans (seed money, An Anglè ) . Ekspresyon “Lajan Semans” la fè referans a kapital ki envesti depi nan kòmansman yon pwojè. Pa egzanp, yon antreprenè ayisyen ka itilize :·
- Lajan nan yon lòt travay, ke li ekonomize pandan 2 oswa 3 zan.
- Travay a tan pasyèl epi envesti lajan sa a nan biznis la.
- Vann bagay pèsonèl tankou moso tè, machin, elatriye, pou jwenn ase lajan oswa grenn pou kòmanse biznis la.
2. Dezyèmman, apre yo fin kòmanse vann pwodwi, antreprenè a ka itilize revni lavant yo pou peye depans fonksyònman yo epi devlope biznis la. Anplis de sa, toudepan nan ki sektè aktivite konpayi ou a ap opere, ou ka mete biznis ou a nan yon stil ibrid lè w bay pwodui ak sèvis an menm tan epi sèvi ak tout resous biznis la genyen pou w fè kòb.
Pa egzanp, imajine ke ou gen yon ti biznis chokola k ap opere ann Ayiti. Ou ta ka kreye yon paj Facebook pou montre antrepriz chokola ou a, epi pataje atik sou konpayi chokola ou a sou rezo sosyal (LinkedIn ba ou posibilite pou kreye yon bilten pou antrepriz ou). Anplis de sa, ou ka òganize evènman, fè kanpay piblisite sou medya sosyal ak kreye kontni eksklizif sou konpayi chokola ou a pou itilizatè medya sosyal yo. Si sa posib, fè rezo ak moun k ap enfliyanse rezo sosyal yo ak lòt antreprenè ki gentan fè siksè. Konsèy antreprenè sa yo ka ede w ekonomize lajan.
Antanke yon antreprenè ayisyen, kijan w ka benefisye de ‘bootstrapping’?
Gen anpil avantaj pou yon antreprenè ayisyen itilize ‘bootstrapping kòm mwayen pou yo jwenn lajan pou lanse oswa devlope biznis yo. Avantaj sa yo gen ladan yo : Piske ‘bootstrapping’ se yon seri pratik ki pèmèt ou finanse pwòp tèt ou, se yon bèl posiblite, pou ou menm ak ko-fondatè yo, si genyen, se sèl pwopriyetè biznis lan epi pou n resevwa 100% pwofi yo. Lè w pa gen envestisè pou w satisfè, ou pral gen plis kontwòl sou biznis ou epi ou ka ba li direksyon ou menm ak ekip ou a vle li pran. Ou pap bezwen enkyete w pou ranbousman yon gwo prè nan kèlkeswa bank oswa mikwo-kredi k ap fonksyone ann Ayiti.
‘Bootstrapping’ kapab yon apwòch oswa yon estrateji finansman trèzenpòtan pou antreprenè ayisyen yo. Sepandan, nou pap di l pafè pou tout nouvo biznis. Kote yon antrepriz ka wè avantanj ladan l, yon lòt ka jwenn enkonvenyan. Se ou menm ki pou analize pou w detèmine si wi ou non estrateji finanse pwòp tèt ou a pratik pou biznis ou epi w ka tire pwofi ladan l.
Men referans kèk lòt atik nan lang Angle ak Fransè pou plis enfòmasyon sou sijè a :
https://hbr.org/2016/03/why-every-startup-should-bootstrap
https://hbr.org/1992/11/bootstrap-finance-the-art-of-start-up
Comments are closed.