Kòm chèf antrepriz, pran desizyon ogmante pri pwodwi oswa sèvis ou yo ka difisil. Kliyan Ayiti yo, tankou nan anpil lòt peyi, souvan gen yon reyaksyon negatif devan ogmantasyon pri, yo pè pou yo pa ekskli sou mache a  oswa yo panse sa ka diminye kalite pwodwi oswa sèvis antrepriz yo ap ofri yo. Sepandan, gen plizyè estrateji ou ka itilize pou w jistifye yon ogmantasyon nan pri san w pa pèdi kliyan ou yo. 

 Poukisa antrepriz yo ogmante pri yo?

credit: freepik

Gen plizyè rezon ki ka pouse yon antrepriz ogmante pri pwodwi oswa sèvis li yo. Premye bagay , gen moman kote ou oblije ogmante pri yo pou kouvri ogmantasyon depans w ap fè yo. Ann Ayiti, ou souvan fè fas ak ogmantasyon nan depans transpò, taks sou enpòtasyon ak nan valè lajan lokal la ki pa sispann monte desann, ki kapab afekte depans ou yo. Donk, antrepriz yo oblije ogmante pri sa y ap vann nan pou yo rete rantab.

Yon lòt jistifikasyon pou ogmantasyon nan pri se amelyorasyon nan kalite pwodwi oswa sèvis ou yo. Lè ou envesti nan materyèl ki pi bon kalite oswa anplwaye ki gen eksperyans, ou ka jistifye ogmantasyon pri ou yo. An Ayiti, kliyan yo souvan gen espwa pou pwodwi ak sèvis yo bon kalite. Se sa k fe envestisman nan amelyorasyon kalite a ka vin yon gwo agiman pou vann.

Konsèy pou kominike ogmantasyon nan pri yo

Kounye a, ou konprann poukisa ogmantasyon nan pri ka nesesè, men kèk konsèy pou ede w kominike ogmantasyon sa yo bay kliyan ou yo yon fason efikas, epi evite reyaksyon negatif yo:

 

  1. Kominike rezon ogmantasyon an: Fòk ou transparan ak kliyan ou yo, eklere yo sou rezon ki jistifye ogmantasyon nan pri yo. Eksplike yo ke ogmantasyon an nesesè pou kenbe kalite pwodwi oswa sèvis ou yo, oswa pou kouvri ogmantasyon nan depans ou yo. Lè w eksplike ouvètman e onètman rezon ki fè w ogmante pri pwodwi a sa ap ranfòse konfyans kliyan ou yo.

  2. Itilize metòd anmbègè (hamburger, ann Anglè): Metòd anmbègè a se yon estrateji ki pèmèt ou pote yon move nouvèl (ogmantasyon pri) nan mitan de (2) bon nouvèl. Sa pèmèt ou pase move nouvèl yo pi fasil.

 Pa egzanp, ou ka kòmanse pa mete aksan sou benefis pwodwi oswa sèvis ou yo, epi ou anonse ogmantasyon pri a, epi konklizyon an met aksan sou yon avantaj anplis oswa yon òf espesyal pou diminye enpak ogmantasyon pri a.

 

  1. Fè yon anons klè: Pou kenbe yon bon relasyon ak kliyan ou yo, anonse ogmantasyon pri a klèman san w pa pase akote sijè a oswa kache l. Rete senp epi eksplike rezon ki fè ou ap ogmante pri yo. Ou ka itilize kanal kominikasyon tankou rezo sosyo yo, imèl oswa lèt pèsonalize pou enfòme kliyan ou yo.

 

  1. Mete aksan sou valè ajoute: Pou minimize enpak negatif ogmantasyon nan pri yo, mete aksan sou valè ajoute ke antrepriz ou a pote bay kliyan yo. Bay bonjan agiman pou kliyanan  konprann l ap jwenn avantaj pa l nan ogmantasyon pri pwodui oswa sèvis ou yo. Montre kliyan ou yo ke sa w ofri yo siperyè parapò ak lòt konkiran yo, atravè pwodwi oswa sèvis ki pi bon kalite.

Lè w swiv konsèy sa yo, w ap ka jistifye ogmantasyon pri san w pa pèdi kliyan ou yo, epi kontinye devlope antrepriz ou ann Ayiti. Pa janm bliye ke satisfaksyon kliyan yo se sa ki dwe pi enpòtan pou ou.

Pa bliye prepare w, itilize yon kominikasyon ki klè e ki transparan, aplike metòd hamburger pou adousi nouvèl la, epi mete aksan sou valè ajoute ke ou ofri yo. Estrateji sa yo pral ede w kontinye fè siksè nan pwosesis ogmantasyon, nan efò w ap fè pou w jere enflasyon e pou w kontinye kenbe kliyan w yo.

https://www.strategemarketing.com/comment-augmenter-les-prix-sans-mecontenter-les-clients/

https://blog.hubspot.fr/sales/justifier-hausse-prix#:~:text=Un%20moyen%20d’augmenter%20ses,d’un%20avantage%20en%20contrepartie.