Ou ka gen anpil lajan, men jwenn yon ide pou w fè biznis pa yon bagay ki fasil. Sa mande tan ak efò, e metòd yo varye de yon moun a yon lòt. Pa egzanp gen kèk moun ki oblije ap analize toutan tandans ki genyen nan plizyè sektè pou yo rive idantifye opòtinite biznis, oswa chèche idantifye pwoblèm moun yo ap fè fas epi eseye pwopoze yon solisyon. Gen lòt ki analize mache a pou yo wè tandans ki genyen yo ak konpòtman konsomatè yo. Gen lòt ankò ki òganize sesyon bwase lide an gwoup (brainstorming, ann Anglè) pou yo jenere lide biznis. Petèt, ou konn yon moun, li menm se sou entènèt li te jwenn lide biznis pa l la. Si w nan sitiyasyon kote w ap chèche lide biznis ki reyalis pou w envesti, atik sa a se pou ou. 

Credit photo: Freepik

Men 10 lide biznis ki kapab mache byen ann Ayiti, espesyalman nan moman kriz la:

 

  1. Mache an liy: Yon mache an liy ki konekte atizan lokal, agwonòm, ti biznis ak kliyan k ap viv Ayiti kapab ankouraje moun achte plis bagay lokal epi sipòte ekonomi lokal la.

 

  1. Solisyon enèji renouvlab: Avèk kriz enèji ki gen ann Ayiti, gen anpil demann pou solisyon enèji renouvlab tankou enstalasyon pano solèy, twobin van, ak sistèm limyè ki efikas.

 

  1. Sèvis livrezon manje: Gen anpil sitiyasyon ki ka limite deplasman moun yo, tankou yon pandemi, ensekirite, eks. Yon sèvis livrezon manje ki gen partenarya ak restoran ak machann manje lokal yo kapab yon bon ide biznis.

 

  1. Telemedsin: Yon sèvis telemedsin ki konekte pasyan yo ak founisè swen sante atravè videyo konferans kapab ede amelyore aksè a swen sante nan zòn andeyò peyi a e menm nan kapital la.

 

  1. Netwayaj ak desenfekte kay: Si nan anpil peyi biznis ki bay sèvis netwayaj ak dezenfekte kay moun te mache, sitou avèk menas COVID-19 la, ann Ayiti sa ka pa mache plis toujou. Ou ta ka sible antrepriz yo kòm kliyan prensipal, san w pa mete patikilye yo sou kote.

 

  1. Sistèm filtrasyon dlo: Gen aksè a dlo pwòp toujou yon pwoblèm nan anpil kote ann Ayiti, yon biznis ki bay sistèm filtrasyon dlo ki efikas e ki abòdab kapab fè yon gwo diferans.

 

  1. Reparasyon machin mobil : Yon sèvis reparasyon machin ki kapab deplase ale nan kay oswa nan travay kliyan yo kapab yon solisyon ki apwopriye. Sitou si pri sèvis la pa twò chè parapò ak lòt posiblite ki genyen pou moun ki gen machin ann Ayiti yo.

 

  1. 8. Sèvis enfòmatik : Kòm gen plis biznis ki itilize entènèt la kounya, gen yon demann ki pa sispann ogmante pou sèvis ki gen rapò ak enfòmatik oswa enfòmasyon teknoloji yo, tankou konsepsyon sit entènèt, devlopman lojisyèl, ak sekirite sou entènèt (cybersecurity, ann Anglè).

 

  1. Jesyon fatra: Avèk enfrastrikti jesyon fatra ki pa genyen nan pifò kote ann Ayiti, yon biznis ki bay sèvis « resiklaj ak jete fatra » kapab vle di anpil bagay pou kominote a.

 

  1. Konsiltasyon agrikòl: Aktivite agrikilti se yon gwo endistri an Ayiti, yon biznis ki bay sèvis konsiltasyon sou teknik agrikilti, seleksyon rekòt, ak maketing ta ka yon antrepriz ki pwofitab.

 

Sa yo se jis kèk lide, men li vrèman enpòtan pou w etidye yo, pou w evalye nivo fezablite yo parapò ak zòn w ap evolye a e sa ki pi enpòtan si vrèman l ap rapòte w, anvan menm ou mete yo an pratik. Nou espere ak bon resous, sipò, ak planifikasyon, lide biznis sa yo pral ede w lanse yon biznis ki gen siksè ann Ayiti, menmlè nou nan yon moman kriz.

 

Men kek lot atik ki ka ede w jwenn lide biznis:

https://bpifrance-creation.fr/moment-de-vie/14-pistes-trouver-idee-creation-dentreprise

https://www.journaldunet.com/management/creation-entreprise/1110093-comment-trouver-une-bonne-idee-de-creation-d-entreprise/

https://business-builder.cci.fr/guide-creation/la-bonne-idee-de-creation-dentreprise

https://www.shopify.com/fr/blog/8-idees-de-business-rentable-domicile