Enflasyon se youn nan defi antreprenè ayisyen yo toujou ap fè fas avè l. Pandan dènye ane sa yo pousantaj enflasyon an monte anpil, kit se akoz sitiyasyon politik la ki pa byen chita oswa yon lòt faktè. Selon dènye rapò Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique (IHSI) nan mwa janvye 2023, pousantaj enflasyon an te 49,30, sa ki fè pri pwodui yo ak pri sèvis yo pa sispann ogmante. Donk, avèk gwo pousantaj enflasyon ki ka ogmante ak ekonomi an ki ka chanje bridsoukou, li enpòtan pou antreprenè yo gen yon bon estrateji finansye ki ka ede yo nonsèlman pou anpeche biznis yo fè fon men tou pou yo kontinye fè pwofi.
Men 10 konsèy finansye pou ede antreprenè ayisyen yo jere enflasyon an:
- Konprann koz enflasyon an
Premye etap la nan jere enflasyon se konprann li. Antanke antreprenè ou dwe konnen faktè ekonomik ki enfliyanse to oswa pousantaj enflasyon ann Ayiti, tankou lajan nasyonal la ki pa sispann pèdi valè, defisi ki genyen nan balans komèsyal la, ak to enterè yo k ap chanje detanzantan. w ap jwenn enfòmasyon ki ka ede w nan sans sa a nan lyen ki pi ba yo.
- Etabli yon bidjè reyalis
Yon bidjè reyalis esansyèl pou jere enflasyon. Antreprenè yo ta dwe fè atansyon lè y ap fè bidjè, pou yo pran an kont pri pwodiksyon an, pri yo vann pwodui oswa sèvis la ak depans jeneral yo (lokasyon, abònman, antretyen, transpò, anbalaj, kouran, minit telefòn, eks. Li enpòtan tou pou w kite yon maj sekirite pou si ta gen yon chanjman ki fèt nan pri yo.
3. Fè ekonomi
Ekonomi se yon pati enpòtan nan jere enflasyon. Antreprenè yo bezwen ekonomize regilyèman pou fè fas ak depans sanzatann yo epi jwenn lajan pou envesti nan biznis yo. An jeneral, li bon pou ou mete sou kote omwen 10% nan revni ou chak mwa.
- Miltipliye oswa divèsifye envestisman w
Divèsifye envestisman ka ede antreprenè yo minimize risk ki gen a wè ak enflasyon an. Envestisman nan diferan sektè ak nan divès kalite byen kapab redwi enpak chanjman ekonomik yo sou biznis la.
- Kontwole pri yo
Detanzantan, antreprenè yo ta dwe kontwole pri matyè premyè ak pwodwi fini yo itilize oswa vann. Sa a pral pèmèt yo adapte yo byen vit ak chanjman pri yo epi fè ajisteman nan estrateji pri yo kòmsadwa.
- Negosye ak founisè yo
Negosyasyon ak founisè ka ede antreprenè diminye depans yo epi minimize enpak enflasyon an sou biznis yo. Antreprenè yo ka negosye pri ki pi ba pou matyè premyè oswa founiti yo otank posib, oswa chèche gen plizyè founisè pou w ka konpare pri yo.
- Sèvi ak zouti ki la pou ede w jere finans ou
Zouti jesyon finansye, tankou lojisyèl kontablite ak fèy kalkil, ka ede antreprenè gen kontwòl sou antre ak sòti biznis yo epi pran desizyon ki reflete kapasite biznis lan. Zouti sa yo ka ede antreprenè yo anpeche biznis yo tonbe plat akoz enflasyon an.
- Evite dèt w ap oblije peye nan yon tan ki kout
Dèt sa yo ka reprezante yon gwo risk pou antreprenè yo nan tan enflasyon. Sitou si w fè yon prè ak yon to enterè ki wo, se gade w ap gade w wè pri ranbousman an ogmante sou ou e tout revni biznis lan pase nan peye dèt. Li pi bon pou evite dèt pou w peye nan yon tan ki kout yo oswa limite yo otank posib.
- Edike anplwaye yo sou finans konpayi yo
Anplwaye yo ka jwe yon wòl enpòtan nan jere enflasyon. Antreprenè yo ta dwe edike anplwaye yo sou finans biznis yo epi enplike yo nan efò y ap fè pou diminye depans yo epi chèche fè plis pwofi.
- Planifye alontèm
Finalman, li enpòtan pou planifye alontèm pou jere enflasyon. Antreprenè yo dwe prepare pou yo pran desizyon ki difisil epi adapte yo ak chanjman ekonomik alontèm yo. Li enpòtan pou w devlope yon plan biznis solid ki baze sou yon tan ki long, e ki pran an kont ajitasyon ki ka gen nan ekonomi peyi a alalong.
An konklizyon, nou kapab di jere enflasyon nan kontèks peyi a ye kounya se yon gwo defi pou antreprenè ayisyen yo. Men si yo swiv 10 konsèy finansye sa yo, antreprenè yo ka minimize risk ki gen a wè ak enflasyon an pou anpeche biznis yo kraze e pou yo kontinye fè pwofi.
Men kèk lòt atik k ap ede nou konprann sijè a :
https://fr.tradingeconomics.com/haiti/inflation-cpi
https://www.brh.ht/wp-content/uploads/Note-inflation-juin-2022.pdf
Comments are closed.