BEL Initiative toujou pran plezi nan pataje resous ak antreprenè ki ann Ayiti ak toupatou nan mond lan.
Jodia nou kontan prezante w youn nan patnè nou yo. brandpill se yon ajans ann Ayiti ki spesyalize nan kreyasyon ak jesyon mak ki te refè logo BEL Initiative la ansanm ak dizayn ki sou paj rezo sosyo nou yo.
Sa nou pi apresye lakay yo se apwòch yo genyen ki mete anpil aksan sou itilize zouti stratejik ki pèmèt pwosesis dizayn toujou alinye ak misyon ak objektif kwasans mak y ap travay sou li a.
Nan kontèks pandemi COVID19 la, yo pataje yon mesaj ak tout kliyan yo e nou panse li t ap bon si n te pataje l avè w tou.
Pi Bon Medikaman kont Kowonaviris
Chak biznis gen yon esans, yon kantite valè ak karakteristik ki ba l potansyèl pou l fè enpak inik sou yon mache kèlkonk.
Wòl nou nan brandpill se itilize zouti stratejik pou konsantre eleman sa yo nan yon ti konprime spesyal k ap pèmèt biznis lan rive gen yon kwasans san limit otomatikman ou pataje l ak ekip ou. Wi, chak biznis gen yon brandpill e nou egziste pou n ede l jwenn li.
Ravaj COVID19 yo fè nou fè anpil chanjman nan fason nou asiste ak ede kliyan nou yo jere mak yo byen. Daprè etid yo, anviwon 30% kliyantèl mondyal la atann li aske biznis yo kominike yon fason diferan akoz pandemi an.
Anpil chanjman nan fason biznis, reklam ak maketin fèt kòmanse vini. Nou pare pou nouvo reyalite sa yo e n paka tann pou n pataje bon jan strateji avè w k ap pèmèt ou adapte biznis ou ak reyalite apre COVID19 la.
Men ann atandan yo jwenn tretman pou viris la, pandan n ap kontinye travay a distans sou konstwi ak jere brand pa w la, n ap poze blok pa nou an nan batay prevansyon Kowonaviris la.
N ap fè w kado yon konprime Distans Sosyal gratis, edisyon limite ke nou kreye spesyalman pou ou. Li tèlman bon pou ekonomi an menm konpetisyon w ap anvi bay li.
Jere bisniz ou paske sitiyasyon an gen pou l amelyore. Lè sa rive, n ap la pou ede w rive pi lwen.
Ou ka Whatsapp nou nenpòt lè si w klike sou lyen sa a: bit.ly/Whatsappbrandpill
Ak anpil lanmou
brandpill
Comments are closed.