Pi gwo pwoblèm Ayiti: Dezyèm avi yon doktè

This article has been translated to English

Lè m ap eseye rezoud pwoblèm Ayiti, mwen toujou eseye entegre ak makonnen plizyè domèn ansanm. Se yon bon mwayen pou w gen yon pi gwo twou seri lè w ap eseye apresye tout imaj kay la. M toujou emèveye lè m wè doktè dan ak chirijyen k ap mete linèt sou linèt pou yo ka fè sa y ap fè a pi byen. Se konsa tou, de jou an jou, m vin fini pa ajoute anpil loup nan konpreyansyon m sou ka Ayiti an. 

Mwen itilize mo ka a paske, antan ke disip pi gwo detektiv mond lan, fòs kote ki egziste ant potansyèl Ayiti nan yon bò ak eta deplorab reyalite l nan yon lòt bò toujou frape m tankou yon mistè ki merite rezoud. Mwen itilize mo ka a tou akoz de tout eskonbrit nou fè nan istwa nou e ke n ap kontinye repete. Antan ke yon egzanp tipik de sa Dr Joy DeGruy Leary rele “sendwòm aprè twomatis lesklavaj”, Ayiti te ka sijè pou plizyè milye tòm liv sou filozofi, sikoloji ak sikyatri.

Men, rezon prensipal ki fè m wè sitiyasyon an plis tankou yon ka, se paske m se yon doktè ak yon stratejis pou mak. Ka an jeneral, sitou etid ka, se bonjan zouti nan tou de domèn sa yo. Yo non sèlman pèmèt pratikan an vin maton men sitou yo ede l konprann kòman bagay yo fonksyone. Pèmèt mwen pou m pataje sa m panse de pwoblèm Ayiti yo nan je pa m.

N ap jwenn pwoblèm nan sou ban lekòl

Lè yon detektiv ap fè ankèt li, premye sa l fè se eseye antre nan tèt moun l ap envestige a. Ki bò l ap viv ? Kòman l te grandi? Ki kalite media li konn konsome? Nou nan ane 2019, poutan nou kontinye aprann timoun nou yo Kristòf Kolon te yon bon moun. Nou toujou ap itilize mo “malis” tankou yon sinonim pou entèlijans.

Kalite edikasyon nan Lekòl yo vrèman plat atè, sitou paske yo mete plis enpòtans sou bat pakè ke aprann timoun yo refleksyon kritik. Nou mare fache ak Kreyòl ki se lang 90% popilasyon an pale (Mayne, 2014). Nou fè edikasyon nan lang fransè, youn nan lang ki gen mwens valè ekonomik nan mond lan, ke mwens ke 10% Ayisyen sèlman pale. Yon sistèm konsa vin fè ke n ap fòme Ayisyen, men pa pou Ayiti.

Lavi difisil, statitik difisil

Nan yon pwomosyon kèlkonk, se sèlman 22% nan timoun yo k ap rive nan klas segondè (Mayne, 2014). Pami sa ki rive yo, 5% nan yo ap fin fè filo epi yo pa janm aprann anyen ankò, tandiske 1% sèlman ap gen chans ale nan inivèsite (Mayne, 2014). Kou ki pou touye koukou a: sou chak 100 elèv ki ale nan inivèsite, yon babako 84 nan yo ap kite peyi a lè yo fin gradye. Daprè Fowòm Ekonomik Mondial, se inivèsite ki fè elèv transfòme tounen vrè lidè. Ak statistik malouk sa yo, nou ka wè aklè pou ki sa nou pa gen fòs sèvèl ki nesesè pou n dirije peyi nou an. Rezon an senp : tankou yon senyen ki pa touye e ki byen kache, egzòd sèvèl ki te parèt aklè nan ane 90 yo pa janm rete.

Yon lòt pwoblèm apa fason edikasyon fèt se nan ki pwen edikasyon aksesib. Ayiti gen yon to alfabetizasyon 53%, se li ki pi ba nan tout Karayib la. Tout lòt peyi rejyon an, Repiblik Dominikèn tou, ka fyè paske to pa yo a depase 87% (Mayne, 2014).

Gouvènman Ayisyen an depanse sèlman 2% nan bidjè l nan koze edikasyon (Mayne, 2014); sa ki vin kreye yon mank nan kantite lekòl piblik ki genyen. Ayisyen kwè nan edikasyon anpil, li jwe yon gwo wòl nan sent trinite Lekòl, Lakay, Legliz la. Men akoz pa gen sipò gouvènman nan edikasyon, paran yon oblije peye bra, janm ak tèt nèg pou lekòl prive.

Mwen pa gen anyen kont lekòl prive. Men ann Ayiti, yon paran depanse 13% nan tout kòb li fè pou l peye lekòl prive (Mayne, 2014). Nan lòt peyi ki sou vwa devlòpman tankou nou, se 3 a 4% paran yo peye sèlman (Mayne, 2014). Epi, èske m te di w 87% inivèsite peyi a se nan Pòtoprens yo chita kò yo? (Mayne, 2014). Si sa a pa yon baryè boutèy pou edikasyon ak yon gwo senbòl inegalite, m pa konn sa l ye.

Derasinen pwoblèm nou

Èske nou ka atann nou pou moun ki pa konn li ak ekri pou se petisyon y ap siyen lè yo vle manifeste ? Èske nou ka atann nou pou chwa yo eklere lè y ap vote ? Ki lavni ki genyen pou yon pèp ki pa li ni ekri men ki danse ak griyen dan sèlman ? Reyalite a se ke gen plis kòb ki depanse nan amizman ke nan edikasyon e ke desizyon sa yo premedite. Desizyon sa yo, se moun ki pa gen edikasyon ki fè yo. Sa se yon ka, yon sèk visye, kote yon koulèv ap mòde pwòp ke l.   

Pèsonèlman m sispann atann mwen pou anyen ki bon soti nan politisyen Ayiti lè m vin reyalize koripsyon se yon sentom inyorans ak enkonpetans. Men malgre li parèt kòmsi wè pa wè antèman pou 4è, gen solisyon. Yon sèl move grenn pa lakoz sitiyasyon nou ladann nan, m pa panse non plis se senp rezilta sikesyon plizyè move grenn. Se pou sa tou m pa kwè se yon sèl bon moun ni plizyè ki ka rezoud sitiyasyon an. Pwoblèm nan se yon pwoblèm sistèm

Nenpòt antreprenè ki gen yon chèn pwodiksyon otomatik ap konprann ke lè se yon sistèm ki gen pwoblèm, menm si w mete bonjan eleman ladann, w ap toujou gen yon move rezilta. Li lè li tan pou nou goumen kont sistèm ak lòt sistèm.

Yon ekosistèm edikasyon ki santre sou Ayiti

M konnen se pa yon konsiltasyon toutotan doktè a pa bay yon preskripsyon. Mwen patisipe plizyè fwa nan plizyè konbit nan objektif pou n gen yon edikasyon ak yon lekòl tèt anwo ki jis ak efikas. Konbit sa yo egziste e yo gen anpil potansyèl pou kreye pwogrè pou Ayiti. Men anpil nan yo se efò izole ki pa resevwa ni rekonesans, alevwa pou sipò nan men ni gouvènman, ni pèp la, ni diaspora a.

Èske li poko lè pou n ta rasanble resous nou pou n sipòte yo ? Si n te gen yon baz done ki gen tout pwojè sa yo, èske n pa t ap gen plis opsyon nan fason pou n sipòte yon bagay ki ap ede Ayiti tout bon vre. Si tout efò sa yo ta rive konekte, tankou tout efò k ap fè pledwaye pou kreye materyèl pou edikasyon an Kreyòl pa egzanp, èske enpak yo pa t ap ogmante ?

Men kiyès ki ka sipèvize yon kokennchenn pwojè konsa ? Kiyès k ap kreye yon ekosistèm k ap konekte spesyalis ak jwenn resous pou sipòte travay yo?

Yon preskripsyon ki fè prèv li deja

Tout sa mennen m nan preskripsyon mwen genyen pou nou tout ki malad ak fatige ak sitiyasyon Ayiti ladann nan e ki vle pote yon chanjman. Se yon konsèp senp ke nou ka rele yon “konbit”. Yon konbit se sa nou rele yon travay kolektif ki konsantre sou yon sèl misyon. Gen kote yo rele l yon inisyativ.

Gen kèk nan yo ki kòmanse parèt tèt yo, yo chak anbrase kòz pa yo. Genyen ki se konbit kont koripsyon, gen lòt ki se konbit pou pwomosyon kreye biznis. Yon lòt konbit enpòtan se konbit pwomosyon touris, menm si m poko wè yo mete resous yo ansanm. Sa ki klè se ke si n vle siviv epi viv yon jou, Ayiti ap bezwen anpil lòt konbit spesyalize.

Nou bezwen youn ki pou fè fas ak pwoblèm edikasyon timoun nou yo paske se elefan ki nan mitan sal klas la ke pèsonn pa sanble wè. Nou bezwen tou yon konbit spesyalize pou amelyore edikasyon pèsonèl medikal peyi a, se la ke inisyativ mwen an, Profile, chwazi foure pye l.

Men youn ki pi ijan toujou, se yon konbit ki pou fòme pwochen lidè politik nou yo nan yon tan ki pa twò long. Li enpòtan pou n ap fè sa pandan n ap ogmante alfabetizasyon politik popilasyon an an menm tan. Pa egzanp, anpil moun blame demokrasi pou sitiyasyon peyi an. Y ap mande pou diktati tounen. Nan opinyon pa m, Ayiti gen tan fè ase eksperyans ak diktati pou l konnen ke kochma l yo te pi lou pase benefis ak rèv li yo. Kontrèman ak demokrasi kote nou poko janm kenbe l byen pou l ban nou okenn bon rezilta. Li twò bonè pou vèdik sa a. Fòk nou aprann jwe jwèt demokrasi a pi byen jiskaske n vin maton. Pwoblèm nan se nou menm, se pa demokrasi.

Poukisa politik dwe yon priyorite nan lis konbit yo? Paske nou fè twòp tan kote se move moun yo k ap dirije, nan move fason ak nan move direksyon. Epi tou paske se Leta ki dwe fè devwa Leta. Pèp Ayisyen fè 100 fwa plis efò ke l ta dwe paske l toujou ap konpanse pou gouvènman l pandan tout istwa l.

Al lekòl, al travay, kreye biznis ou, fè sa w vle ! Men toujou asire w ke w ap pote kole nan yon konbit spesyalize pou peyi w vin miyò. Sa se yon senp preskripsyon ke m bay ak tout imilite m. M konnen li mache, sitou paske m fè eksperyans pèsonèl nan plizyè konbit.

Si nou ka aprann tout jèn peyi a, ke siksè pèsonèl depann de siksè nou tout kòm kominote, n ap gen tan fè yon gwo pa sou wout devlopman. Paske ki valè ki genyen pou w yon sitwayen lemond si w pa yon sitwayen fyè nan pwòp peyi w avan?

References:

Mayne, T. (2014). Haiti now (1st edition). Culver City, CA.The Now Institute/Stray Dog Cafe.

Profile Picture of Dr Edwin Magloire

Profile Picture of Dr Edwin Magloire

Dr Edwin Magloire se yon doktè, yon grafis ki spesyalize l nan logo ak yon strateji pou mak. Li se fondatè brandpill, yon konpayi kominikasyon grafik ki bay tèt li objektif ogmante valè biznis ak richès ann Ayiti.